Lèt tou louvri pou Pèp Ayisyen an, manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon yo ak Gouvènman an

Moun Ti Rivyè Latibonit ak tout rès depatman Latibonit la sou wout pou rale yon souf anba zak kriminèl, inimen, sanfwa ni lwa bandi savyen yo. Se youn nan premyè fwa bandi ak kravat menm jan ak bandi ak sapat kòmanse pran gou ak sant pèdi batay ak défèt. Bandi ak sapat kouri toupatou, yap mouri, yo kwense nan Savyen anba estrateji ak kout zam fòs lòd yo ansanm ak vijilans pèp la.

Ayibobo pou Lapolis ak Lame Dayiti ki jwenn ki sipò misyon entènasyinal la ! Chapo pou pèp vanyan Latibonit lan !

GADE Ayiti kwè pa dwe gen ni bouke ni kanpe nan wout nan batay sa. Ann fè dènye pote boure a, yon dènye ASO, tankou zansèt yo te fè li nan lakrètapyewo. Nou dwe reveye 1er Janvier nan yon Latibonit endepandan, granmoun tankou l te ye an 1804 annatandan nou fè menm travay la nan depatman lwès la: Endepandans politik, jewopolitik, Endepandans nan lamanjay, Endepandans kiltirèl, elatriye.

Jodi a tout ayisyen dwe rann yo kont gen yon pwojè destriksyon, avilisman, imilyasyon lènmi istorik deyò kou anndan ap menen kont Manman nou Ayiti depi lendepandans. Sa paka kontinye !!!

Se pousa, nou menm aktè lokal yo, nou tout pèp ayisyen an, anndan tankou deyò, nou dwe goumen pou yon pwojè politik ki chita sou lanmou nou ak atachman nou pou Ayiti, pou nou defann li jouk nan bout ;

Nan sans sa a, GADE Ayiti ap egzije pou Enstitisyon politik, ekonomik ak sosyal yo, espesyalman pati politik, lidè politik, biznismann yo, tout sosyete politik ak sosyete sivil la an jeneral pou devlope yon lòt rapò ak PEYI a, LETA, Byen li yo ak Resous li yo. Nou dwe rive tabli yon Leta san fòs kote ki dwe mete lòd toupatou nan enterè jeneral, nan enterè tout moun alawonnbadè!

Lè a rive pou nou libere aparèy Leta ki an otaj depi twò lontan: Ladwann, ONA, BMPAD, OAVCT, DGI, Lapolis , Meri yo, Pakè ak dekana tribunal sivil yo, Palman, Ministè, elatriye kote yap piye jwenn lajan pou ale nan eleksyon oubyen pou peye pou kenbe pouvwa!

Fonksyonè oubyen Eli sa yo se Diyitè Leta yo ye; yo gen responsablite aji onon ak pou Repiblik la, yo dwe sispann anplwaye epi tyoul oligak politik ak ekonomik. Sispann, sispann, sispann avili peyi a, nou fèl twòp…

Se lè nou montre nou respekte peyi nou ke lòt peyi va respekte noua k tout peyi a! GADE Ayiti ap egzije pou moun kap dirije peyi a yo montre yo koupe fache nan pawòl ak nan aksyon ak tout rezo kriminèl ( Krim san, krim lajan, trafik moun ak ògàn, dwòg ak zam) pou libere Leta a poul ka jwenn lejitimite, moralite piblik ak fós politik poul dirije pou byennèt sitwayèn ak sitwayen li yo;

GADE Ayiti egzije pou KPT a ak Gouvènman an planifye aksyon ak envestiman piblik enpòtan nan rejyon Latibonit/Sant, Gran Nò ak Penensil Sid la nan sektè pwodijsyon, transpò ak anviwonman. Travay pou libere ekonomi rejyon yo pandan yap kreye travay pou jenn fanm an jenn gason pou evite nenpòt moun anbrigade yo fasilman nan fè move zak. Ministè enteryè ak kolektivite teritoryal yo ta dwe tou prese prese voye yon premye siyal ak kreyasyon yon Gichè envestisman lokal pou tout komin yo apati Fon Jesyon ak Devlopman Kolektivite Teritoryal yo (FGDCT) plis lajan Fon Kominal yo.

Pèp ayisyen, ann kare batay la pou ane 2025 la ka yon ane desizif ki pote otonomi, envestisman, travay, ak richès nan rejyon yo e nan tout peyi a.

Anfen, patwon ak pwofesyonèl medya ak laprès yo dwe bay peyi a kout men tou pou refè ledikasyon aktè ak dirijan nou yo sou règ ak prensip repibliken yo, yon responsablite laprès la mete sou kote lontan sa…

Viv Ayiti, Viv yon desantralizasyon ki makonnen ak envestisman piblik kou prive nan tout

teritwa yo

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Scroll to Top